Prezantasyon Metòd Apprantisaj Lekti-Ekriti pou Adilt Ayisyen Non-Letre, plis kèk Konsiderasyon.

Note byen: tèks sa a vokalize sou sit entènèt la pou moun ki poko ka li, men ka itilize mobil yo pou yo koute. Anplis, tout tèks yo prezante omaskilen pou fasilite lekti, men saki di se pou tou lè de sèks yo absoliman.
NouYòk 9 janvye 2019- mas 2021
Konpatriot mwen yo, Men m ap prezante nou metòd edikasyon ke mwen ak ekip mwen devlope epi rele ‘Metòd Global, Endividyèl e Entèraktif pou Aprann Li-Ekri,’ akwonim MGI-APPLE, adrès Entènet: MGI-APPLE.org (oswa mgi-apple.org).
Ki rezon nouvo sit sa a piske se klè ke Entènet déjà ofri milye paj, metòd ak sit edikasyon?… Egzakteman, nou panse tèlman gen sit sa yo, ke non-letre ap kouri tankou w chen fou, pasi, pala pou l jwenn alfabèt, mo ak chif ke l sipoze aprann
Remake tou ke nou kalifye metòd nou an de ‘global’ piske nenpòt peyi ki vle redui nivo alfabetis li kab adapte l pou tèt li. Lòt sit sou pati payo, ki devlope tankou de gro etablisman eskolè, ofri etid nan lang literè osi byen ke lang vènakilè, men pa toialman nan Kreyòl nou annan ‘lespri ayisyen.’ Lè ansèyman l parèt nan sit sayo ak sit Ayisyen, li abityèlman sible vizitè ak nouvo rezidan etranje an Ayiti.
Or en notre site tout est conçu pour la conscience et la culture haïtiennes; tout se retrouve en un lieu pour affranchir l’adulte Haïtien non-lettré dans la lecture-écriture.
Nan sit nou an sepandan, tout ansèyman an fèt pou konsyans ak kilti ayisyen; tout metòd la nan yon sèl plas, yon sèl kote pou libere adilt non-letre a nan lekti-ekriti. Remake tou ke nou kalifye metòd la de ‘Global’ piske nenpòt ki peyi ki swete diminye pousantaj analfabetis lakay li kapab adapte l pou tèt pa l.
.Tem prezante m: mwen se Madam Irlène Augustin Whiteman;
.Etidian Lekòl Nòmal Siperyè, Seksyon Syans 1957- 1958, ak twa mwa estaj nan Laboratwa Chimi agrikòl Damiens, Pòtoprens;
.Laborantinn Kontwòl Kalite fwi ak legim, Laboratwa O’Brien, ak Mesye Beckford, Chimis, Spanish Town Road, Kingston, Jamayik, 1964;
.Asistan an Chimi Jeneral e Òganik nan Depatman Chimi Hunter College, New York, 1968-1999;
.Pwofesè Franse nan ‘Lekòl Lang Entènasyonal Berlitz,’ New York; 2001-2003;
.Otè 2 liv: Esoteric Cohobations for Empower-ment: Bible, Kabbalah, New Age and Common Sense tradui an Panyòl, lòt la, Toughness and Sweetness, Pictographs of the Blessed Virgin, tradui an Franse ak Panyòl, tou lè de pibliye sou Amazon.
Ansèyman MGI-APPLE a baze sou Metòd Berlitz, men tou espesyalman sou ‘Metòd Natirel Lekti-Ekriti’ (Méthode Naturelle de Lecture-Ecriture, MNLE) ke Danielle de Keyzer, yon pwofesè Franco-Belj te devlope an 1991, apre li te enspire pa mouvman edikasyon Célestin Freinet te kreye nan ane 1920 yo an Frans.
Sepandan, tandiske yon klas MNLE gen yon fòmatè ak yon ti gwoup aprenan, e ideyalman yon fòmatè ak yon sèl aprenan, metòd pa nou an, gras a teknoloji Entènèt, vle anseye non sèlman endividyèlman, men tou an mas.
Ke wou jenn oswa granmoun ak cheve blanch, jis gen yon telefòn mobil pou jwenn aksè nan MGI-APPLE.org pou patisipe aktivman nan aprantisaj lekti-ekri.
Nou tout konnen nan fon kè nou ke kapab li ak ekri banou yon eta de byennèt, yon liberasyon kè ak lespri, ak chans tou pou reyalize yon pozisyon sosyal ak ekonomik ki pi wo.
Ann pran yon ti moman epi tonbe dakò pou n di ke aprann li ak ekri pa fèt nan yon jou.
Aprenan an ki kenbe yon liv nan men li, kap gade lèt, mo ak chif, sèlman wè de siy ilizib, endekodab. Se menm jan pou majorite nan nou ki sèlman literè nan lang oksidantal, kap gade Chinwa, Japonè, Arab pa egzanp.
Ilistrasyon sa a eksplike mekanis aprantisaj pasif (an wouj) ak aktif (an ble). Sou bò gòch la nou li, “An jeneral, nan laprantisaj, moun kenbe 10% de sa yo li, 20% de sa yo tande, 30% de sa yo wè, 50% de sa yo wè ak tande, 70% de sa yo li ak ekri, 95% de sa yo fè.”
Tèks sa a divize an plizyè seksyon ki divize an plizoumwen liy kout, saki ankouraje retansyon mantal. Aprenan an kab pou kont li devan tèks la, men fasil transpòte l nan ‘Klas Global’ sipèvize anoniman, kote li ka fè rechèch e jwenn repons a kesyon li.
Anplis de sa, tout manm klas la se fòmatè potansyèl, sa k pi avanse ap bay lòt sipò. Sou bò dwat la, se: “Kòm rezilta, moun vinn kapab Denonbre, Dekri, Eksplike – Demontre, Aplike, Pratike – Analize, Defini, Kreye, Evalye.”
Yon adilt deja gen yon ‘vi ke l viv’, ak ladan li de eleman ki souke li anpil. Se poutèt sa nap di ak Madam de Keyzer ke kapab li ak ekri pou yon adilt se pa yon reyalite otonòm, (sètadi ki rive natirelman). Sa baze sou eksperyans kiltirel, sosyal ak sikolojik li Se konsa ke aprann li ak ekri dwe angaje aprenan adilt la, pa sèlman fizikman e mantalman, men tou sikolojikman e emosyonelman.
Liv etid li dwe pou l tèks lavi li, youn oubyen plizyè evenman ki konsène li pèsonèlman e ke l rakonte fòmatè a ki ekri pandan ke l ap koute aprenan an. Donk, aprenan an kòmanse etidye pròp tèks li, pròp mo li, epi atank l ap avanse, li vinn rekonèt sa Madam de Keyzer reie syllabogram, sètadi gwoup mo ki pataje sèten silab idantik, tankou pale, pawòl, padon, pati, poupale, patisipe.
Aprenan tou dabò aprann lòd lèt alfabèt ak fòmasyon yo. Se chwa pèsonèl mwen kòmanse anseye lèt alfabèt enprime epi alfabèt maniskri, kontrè a metòd pi modèn.
Men kisa lèt, chif, siy òtografik ye?… Se imaj, se senbòl ke debutan an dwe konn trase pou l ka rekonèt yo nan jounal, liv, dokiman, Entènèt ak lòt tèks tou. Aprenan resevwa pouse pou aprann tèks li a loral. Nan komansman li aprann tèks li jis li konnen l pa kè. Li dechifre, dekode jis ll rekonèt mo yo pa plas yo nan tèks la.
Chè Lektè-Ekoutè, se sèten ki wap mande tèt ou: ki sa k ka tèks lavi nan yon aprantisaj an mas? Ebyen, MGI-APPLE prepare ‘Yon Ekstrè Tèks Lavi Nasyonal’ an Franse, Kreyòl ak Angle, Yon tèks ki afekte nou tout e ki gen ladan li de konsiderasyon espesyal kote chak Ayisyen ka jwenn tèt li.
Tèks sa a divize an plizyè seksyon ki divize an plizoumwen liy kout, saki ankouraje retansyon mantal. Aprenan an kab pou kont li devan tèks la, men fasil transpòte l nan ‘Klas Global’ sipèvize anoniman, kote li ka fè rechèch e jwenn repons a kesyon li.
Anplis de sa, tout manm klas la se fòmatè potansyèl, sa k pi avanse ap bay lòt sipò. Leksik tèks la bay definisyon senp ak mo ke aprenan k ab rekonèt osi byen an Franse ke an Kreyòl.
Ajanda MGI-APPLE la gen ladann tou – men pou pita, – yon tèks Premye Epit ak kòmansman Levanjil Jan epi yon tèks ezoterik kote menm prensip etid yo va aplike.
Lòt prezantasyon va swiv (pa nesesèman nan lòd sa a): afich piblisitè lokal ak etranje, atik sou metye ak pwofesyon, Set Règ a Swiv pou Gen Siksè, resèt kuizinn, etc. Yon Opinyon Oganizasyon Nasyonzini

Une opinion de l’Organisation des Nations Unies

Yon kominikasyon LONI an1994 te deklare: “Lè w iletre, sa egal a pran nan pèlen lamizè, gen opòtinite limite pou jwenn travay ak yon ris ki pi wo pou movèz sante…
“Ankèt sou alfabetis montre yon korespondans ant pousantaj alfabetis ak richès yon peyi –sosyete literè pi aièz ke sosyete kote analfabetis jeneralize, e amelyorasyon analfabetis pwopòsyon popilasyon an k ap viv nan lamizè.”
Pou sa, ann konsidere Rwanda, an Afrik, pi jisteman kapital li, Kigali, kote m te gen chans an septanm 2013 pase sèt jou agreyab. Se yon bèl vil fyè ki gen lari, de, twa, e menm kat liy, konparab ak anpil liy lari New York.
Gwo enstitisyon bankè ak gratsyèl dekore lavil la. Rwandè yon moun rankontre, pale sèlman byen de Prezidan Paul Kagame, e enspire renmen li. Kòmandè fòs militè ki te met fen a Jenosid 1994 la, li te ede reyalize inite peyi a.

Une opinion de l’Organisation des Nations Unies

Nan yon ti vizit nan machinn prale vilaj Kibeho oswa Lak Kibouye, vwayajè a woule nan mitan forè mòn ak laplenn tou vè. Ou sezi wè ke yo toujou sevi ak chabon bwa, men youn
nan eslogan peyi a di: “OU KOUPE Y PYEBWA, OU PLANTE Y PYEBWA.” Peyizan a, chabonye a ki konsyantize konsa, rouze souch pyebwa a oswa yon branch li fèk plante jouk pyebwa a repouse. Yon dam Rwandèz te fè m konnen ke Leta lwe anpil tè li ak peyizan, fèmye, kiltivatè ak lòt sitwayen pou plantasyon ak eksplwatasyon fwi, legim, pwa, diri, mayi, nwa, kafe, kakao, sereyal … Antreprenè sa yo resevwa yon sipò agwonomik, ak yon gidans ki mennen a satisfaksyon pwodui pou kominote yo, menm peyi a tou, pou komès ak peyi pre yo ak pwofi finansye pèsonèl.
Edikasyon se priyorite Prezidan an, e Rwandè yo kab kominike e etidye nan twa lang ofisyèl: Franse, Angle ak Kinyarwanda, dènye sa a, ou kab di ki pwòp Kreyòl yo
An patenarya ak Fondasyon Carnegie-Mellon, li fè bati pa lwen Kigali, inivesite kote jenn yo resevwa fòmasyon dapre estanda Ameriken. Lapè ki nan tout peyi a ankouraje envestisman etranje ak lokal, avèk kreyasyon travay kote jenn moun sa yo jwenn travay nan fen etid yo.
Kontrèman ak peyi nou, kan Gouvenman an vle aji sensèman pou pèp la, Leta deja manke resous. Leta Ayisyen tèlman sirendete ke l ap lite pou inove oswa menm konplete pwojè k sou pye. Lè li anbake kanmenm nan yon ti inisyativ ki chè pou bidjè li, tankou achte kamyon oswa traktè nèf, moun met dife ladan yo pandan yon manifestasyon raj popilè.
Nou konprann byen ke Pèp la ap kontinye santi bezwen egi akòz enflasyon kap kouri lib, men bezwen sa yo egzakteman se youn nan rezilta kraze-brize. Brigandaj sayo detwi pwopriyete piblik ak prive, koze pèt ti komès nan mache osibyen ke travay izinn ak otèl kap fèmen.
Yon bann jenn moun, adolesan san okenn nivo ekolaj, san okipasyon, san okenn espwa pou lavni, santi yo tankou moun san vwa, tankou zonbi. Li fasil manipile yo nan direksyon sipèstisyon, dwòg, homisid, vòlè. Tankou Kandid Voltaire la, yo dispoze kwè ke “malè yon moun fè tout moun byen.”
Ann rezone ansanm: ki sa laraj pwofite pèsonn? Annou poze tèt nou kesyon: kote jaden pwa tout kalite, tout koule nou yo? Jaden diri, mayi, bannann, fig, pitimi, koton, kann nou yo, kote yo fè?
Ki kote chan pwa frans, pwa kongo nou yo pase? Ki kote y ale, jaden chadèk, zoranj ak sitwon nou yo? Fwi sayo ka toujou vwazine ak pèch ak tanjerinn ekzotik yo. Non?
Eske ti kafe maten an ak apre manje midi nou, chokola cho nou, sik, gwo siwo, rapadou, doucounou toujou sòti de travay nou oswa yo entèdi nan rejim alimantè nou, ranplase pa pwodwi etranje ki mete nan tèt nou ke nou vinn sofistike koulye a?
Nan ki kondisyon elvaj bèf kochon, kabrit, bèt volay ye? E ki eta lapèch?
Kote yo fè, ti endistri savon lesiv, tekstil nou yo? Bèl soulye menm jan nou te gen nan ‘Au Bon Qui Rare?’ Moun laj mwen yo, nou sonje?… Kote soulye rafia yo ki te fèt pou nou ak ekspòtasyon?… Yo ranplase pa lòt endistri kap bann pwofi?… Mwen pa kwè sa.
Nan ane 80 yo, Manm Kongrè Ameriken (Depite) Pastè Walter Edward Fauntroy, ki de kè li, te vle asire nou yon pouse ekonomik, te pesyade plizyè lidè endistri Ameriken vinn enstale yo nan peyi a. Eske yo toujou la? … Non! Li te enposib pou yo fè atan ak brigandaj san fen nou yo. Donk yo brote al enstale kay vwazen Dominiken yo.
Lakay nou toujou gen konpayi mikwofinans ki angaje ak bon kè nan konseye ak sipòte kliyan Ayisyen yo etap pa etap jiskaske kliyan yo sòti nan ekstrèm povrete. Rapò siksè paka konte, –sepandan tout pwodwi lavant kliyan sa yo achte aletranje. Se konsa ke balans ekonomik la fè zewo an favè nou. Nou sòti ak ni lajan, ni lò.
Pèp la dwe konprann ke mizè li soutni pa le fèt de achte san rete pwodwi etranje san komès sou pati pa li. Pa pwodwi anyen pou vann ak pwofi se MANMAN lenflasyon! Yon peyi ki pa pwodwi pou bezwen pwòp li e pou komès ak lòt peyi METE TET LI LI-MENM SOU ANBAGO.
Nou renmen repete ke Jezi va sove nou. Chè Frè ak Sè m, se plis pase 2 mil an depi ke Jezi te sove nou vide san ak syè li an sizèdtan agoni kloure sou LaKwa. Se pa sak fè nou pwal reveye yon bèl ti maten epi jwenn teren nou, kòm pa mirak, defriche, laboure, simen e plante tou pare! Nou pa pral wè ti endistri kanpe tou fèt!
LaBib, chaplye a Mari, priyè fèvan se moyen espirityèl ki fè prèv yo, men nou dwe aprann met tèt ansanm, chèche konsèy epi pran desizyon travay di pou sove tèt nou avèk Jezi.
Ann gade tèt nou byen, epi pran responsablite nou. Yon desizyon enpòtan ak yon gwo responsablite, se gen edikasyon pou n ka panse pa Kè Bondye nan kè nou, epi pran aksyon an favè peyi a, pitit nou, pwochen nou ak noumenm. Pwogrè nou dwe rankontre nan kafou kè ak tèt!
Ann gade! LAmerik toujou ap mennen lemond! Men, annou kounye a konsidere peyi Lend ak Lachinn, youn, yon demokrasi espirityèl, lòt la yon Eta kominis. Premye a, apre kèk pa devan, kèk pa bak, lanse sou otowout labondans; dezyèm lan prezime yon gwo pouvwa politik ak ekonomik.
KIsa 2 peyi sa yo gen an komen? Tande byen! –Enpòtans yo mete sou edikasyon ak entansifikasyon pwodiksyon.
Reflechi! Pouki nou pa fè menm bagay la?…
Pensons-y! Ne pourrions-nous pas faire de même? Comme avait suggéré Sandra Parks, la petite Américaine de treize ans, dans un concours sur la violence par arme à feu, avant d’être elle-même tuée par une balle perdue en novembre 2018: “…Notre deuxième vérité est que nous devons avoir un but.
Tankou Sandra Parks, yon fiyèt Amerikèn trèzan te ekri nan konpozisyon l nan yon konkou sou vyolans pa zam, anvan li-menm yon bal pèdi te tuye li an novanm 2018:
“… Dezyèm verite nou sèke nou dwe gen yon bi. Nou se pwochen jenerasyon an, konsa nou bezwen gen edikasyon pou n fè yon diferans pozitif nan lemond.
“Nou se lidè lavni, men si nou pa gen edikasyon, nou pap fè anyen. Nou va gayan lè nou itilize edikasyon nou pou rann lemond miyò. “N ap vinn pwochen prezidan an, ofisye polis, pwofesè, doktè, avoka ak lejislatè. Nou pa ka kontinye mete responsablite sou lòt moun. Se responsablite nou kòm dirijan nan lavni!”
Ann ajoute a panse sa yo ke edikasyon pa toujou vle di etid klasik avanse, men posede konesans nan liy aktivite nou, kapab li sou sijè a e konpran sak konsène l.
An konklizyon, nou kabab afime ke pou chak sitwayen, ak pou chak peyi, edikasyon se y bagay vital. Li vital menm jan ak lè nan poumon ki sipòte lavi nan kò.
Edikasyon kè ak lespri pwodui e rafèmi enstitisyon demokratik ki, nan tou payo, atire envestisè etranje, ankouraje envestisè lokal, kidonk, kreye travay, asire lapè nan kè ak lasante Frè m ak Sè m yo, se pou nou konvenki ke labondans se dwa nou chak. Kite nou derasinen povrete de kè nou jodi a menm!
Olye pou n jis mande e de lè, fè koken pou n pran, annou panse bay ak kè kontan: yon bon mo, yon lapriyè pou yon nonm malad, senk santim nan dènye ven nou genyen an, ladim legliz … Tout byen sòt nan Syèl, se sèten, men ann rale Syèl mache vinn jwenn nou.
Konsidere lè nou respire, zetwal nan syèl, dlo nan lanmè, fèy pyebwa, minrè, lò ak dyaman nan fon latè. Ki moun ki ka evalye yo oswa konte yo? Nou dwe wè ke Bondye kreye tout bagay nan labondans, pa konsekan labondans se dwa nesans nou.
San kòlè, san raj, san vòlè, san krim. Nou pral kiltive lide sa a. Men y dènye mo: lekti ranfòse konesans. Ray Bradbury (1920-2012), ekriven Ameriken trè koni, te di: San bibliyotèk, ki sa n genyen? Nou pa gen pase e n pa gen lavni. Yo pa bezwen boule liv pou detwi yon kilti. Senpleman, anpeche moun li liv yo.
An jeneral, Ayisyen lakay pa ekspoze a liv. Se pousa, li absoliman nesesè bati an Ayiti – ak lòt kote, toupatou – si se pa bibliyotèk pou kòmanse, omwen kèk ti ‘espas-liv.’ Men, rete la! Mwen kontan anonse ke MGI-APPLE ki anba parapli kòporation “Debout et Marche-Rise and Walk” (Leve Kanpe epi Mache). vle milite nan direksyon sa a.
Se pou sa, li deja angaje tout fon lajan l achte yon teren de trant-twa santyèm de karo nan Plato Santral. Òganizasyon an ap tann don lajan pou l bati yon ti espas-liv 1,500 mèt kare. Dan lantretan, mwen adrese m dirèkteman a moun ki enterese: tanpri fè Ayiti tounen yon vas lekòl aprantisaj lekti-ekriti.
Moun ki letre yo, silvouplè, dirije non-letre yo ki vle aprann nan direksyon mgi_apple.org. Aprenan yo, m ap pale ak nou kounyela la a: pran pasyans ak tèt nou, epi sa nou aprann, apre yon ti tan, pase l bay lòt ki vle, men ki pa gen aksè entènèt oubyen telefòn pòtab – nan pasyans, imilite ak konstans.
Pou jwenn aksè nan MGI-APPLE.org sou pòtab nou, 1. tape sou ‘Chrome.’
2. Si paj dakey MGI-APPLE.org la paret touswit,
3. tape anwo kadran an. 4. kounyela a, ou we oubyen paj dakey sit la, oswa kadran let alfabet ak chif yo. 5. fome sig sit la ak let sou kadran an.
Prepare founiti klasik nou: papye, – yon kaye de preferans – kreyon oswa estilo, yon ekoutè pou telefòn mobil.
Pou yon diksyonè franse, mwen klike sou lyen sa a epi sèvi ak Larousse oswa L’Internaute. Pou diksyonè kreyòl, klike sou lyen anba a: Dictionnaire créole haïtien – Haïti LEXILOGOS E pou achte:
MGI-APPLE ap prepare leksik pou chak tèks detid yo. Yo nan wout.
Frè m ak Sè m yo, pran swen zye nou. Lasyans medikal konseye tout vitamin e espesyalman Vitaminn A pou prezèvasyon yo.
Oka nou pa gen tablet vitaminn, asire n ke nou manje kawòt, kri de preferans, patat jòn, jouroumou, papay, kantaloup, zabriko san egzajerasyon, men ase souvan. Si posib, mete linèt lejèman sonb pou abat ekla ekran an ak estrès fikse li.
Mwen gen w demand tou: pran y ti pasyans ak mwen. Remake dat pwojè a kòmanse ak dat li lanse. M oblije aprann anpil leson e m ap aprann toujou jwenn chemen m nan labyrent teknolojy modèn la. Dizon ke mwen avèk nou se yon avanti n ap viv ansanm.
Kounye a, men yon bon nouvèl mwen te sere pou dènye: Haïti-Observateur –nou pral pale tou ak Haïti-Progrès ak Haïti-Liberté– dakò pou enprime yon kopi chak leson prezante chak semèn sou entènèt. Se konsa Aprenan m yo, nou gen chans non sèlman vizyone leson yo, men tou kenbe nan men nou paj yo ki finn pa fòme yon manyèl aprantisaj pratik.
Pou ale nan MGI-APPLE.org sou telefòn pòtab,
1. sou kadran, tape sou ‘Chrome.’
2. Si paj dakèy sit la pa parèt touswit, tape anwo kadran an
4. kounyela ou wè, oubyen paj dakèy la, oubyen let alfabèt. 5. fòme akronym sit la ak lèd alfabèt la. òn pòtab, Mwen konseye: lè youn ap ede lòt, si se yon gwoup, rankontre nan yon kote ki fèmen, -nan y lakou pa egzanp, an sekirite sepandan. Nou pa gen lakre, pa gen tablo? Sèvi ak yon bout bwa. Ekri nan labou, nan pousyè sil le fo, men APRANN!
Ke Bondye beni nou!
Ekip nou an salye n byen fò: • Madam Irlène Augustin Whiteman;
• Thierry Paul Arnoux Philippe Konseye:
• Madam Paulette Maïga, lengis, Doktora nan Lèt, Paris, Lafrans ak doktora nan filozofi, Etazini;
• Madam Cindy Maïga Augustin, Pwofesè e Direktris
Etid, Fòmatè Pwofesè, Metriz nan Edikasyon ak Bachelye nan Dwa Jeneral, Lafrans/Sengapou;
• Madam Edeline Hall, Pwofesè, Metriz nan Edikasyon, Metriz nan Syans Enfimyè, Etazini;
• Paul-Benoît Léopold, Jeni Sivil, Ayiti./Sengapou; 2022 by MGI-APPLE